Mizik sa - Klass

Mizik sa - Klass

Год
2015
Язык
ht
Длительность
152470

Zemāk ir dziesmas vārdi Mizik sa , izpildītājs - Klass ar tulkojumu

Dziesmas vārdi " Mizik sa "

Oriģinālteksts ar tulkojumu

Mizik sa

Klass

Pa jwe mizik sa

Chak fwa m’tande’l m’santi’m blese

Se li’k premye danse

Nan premye ti bal nou t’ale

Pa jwe mizik sa

Se tankou yon kout kouto anba kè

Lavi’m gon gou anmè

San ou mwen santi tout doulè

Men ou met jwe mizik sa

Men bwat vokal la pa chanje

Se vwa nou toulede

Kap di kite mesaj souple

Cherie m’pap janm pare

Pou mwen bliye jan nou te ye

Pa jwe mizik sa

Nou te tankou de timoun fou

Kit diab kit lougarou

Nou pat pè telman n’te damou

Pa jwe mizik sa

Yo diw paka gen de manman

Men cherie gen des moman

Pou mwen ou te plis ke yon manman

Men ou met jwe mizik sa

Youn nan bel souvni mwen gen de ou

Le ciel fè nou yon kou

Mwen pediw nan goudougoudou

Mpa kwe map janm pare

Pou mwen bliye jan nou te ye

Oooohhhhhh!

Yalala lalala lalala!

Heyyyyyyyyy!

Gade nan kè'm wa va wè!

Epi nou tres KLASS!

Tribulasyon mwen!

♫ ♪Malè pa janm anonse

Prekosyon pap janm ase

Lè se destin ki deside

Veux, veux-pas, fo w reziyen w.♪ ♫

♫ ♪Pa janm fè rezèv lanmou

Lèn gen yon moun nan vi nou

Ti mizik sa se pou nou

Mesaj la ka sèvi nou.♪ ♫

Mpa vle wè moun kriye

Se lavi’l map celebre

Pito m’wè nap danse

Se sa ka soulaje’m

Olye n plede di nap gentan

Pou’n eksprime lanmou

Pito’n pwofite chak moman

Lavi a ofri nou

Se konsèy sa mkap ba nou

♫ ♪Malè pa janm anonse

Prekosyon pap janm ase

Lè se destin ki deside

Veux, veux-pas, fo w reziyen w.♪ ♫

♫ ♪Pa janm fè rezèv lanmou

Lèn gen yon moun nan vi nou

Ti mizik sa se pou nou

Mesaj la ka sèvi nou.♪ ♫

Mpa vle wè moun kriye

Se lavi’l map celebre

Pito m’wè nap danse

Se sa ka soulaje mwen

Olye n plede di nap gentan

Pou’n eksprime lanmou

Pito’n pwofite chak moman

Lavi sa ofri nou

Se konsèyyyyyyy!

Woy!

Gade nan kè'm wa va wè!

Gade nan kè'm wa va wè!

Cherie m sonje w!

Klass it is baby!

Yes it baby!

Vairāk nekā 2 miljoni dziesmu tekstu

Dziesmas dažādās valodās

Tulkojumu pakalpojumi

Augstas kvalitātes tulkojumi visās valodās

Ātrā meklēšana

Atrodiet nepieciešamos tekstus dažu sekunžu laikā